bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 35 › 2 Chronicles 35:10
2 Chronicles 35:10
Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la.
Bib La
In The King James Version
So the service was prepared, and the priests stood in their place, and the Levites in their courses, according to the king’s commandment.
In Context
9Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (05.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (0500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan.
11Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo.
Read all of 2 Chronicles 35
Cross References
2 Chronicles 30:16Yo al pran plas yo nan Tanp lan dapre regleman ki nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Moun Levi yo bay prèt yo san bèt yo pou yo vide sou lotèl la.
Ezra 6:18Apre sa, yo òganize sèvis tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Yo separe prèt yo an divès kategori, yo separe moun Levi yo an divès klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fè, jan sa ekri nan liv Moyiz la.
This Verse In Other Editions
Study 2 Chronicles 35:10