2 Chronicles 4:22
kouto yo, gode yo, bòl yo, recho pou pote chabon tou limen yo. Tout bagay sa yo te fèt ak bon jan lò. Batan pòt ki bay sou deyò Tanp lan ak batan pòt ki bay sou pyès ki apa nèt pou Seyè a te kouvri nèt ak lò tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
21flè yo, lanp yo ak pensèt pou gwo lanp sèt branch yo,
Cross References
Exodus 37:23Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.
1 Kings 6:32Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.
1 Kings 7:50gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.
2 Kings 25:14Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan.
Ezekiel 41:24Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan.