2 Chronicles 6:26
Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli, paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo fè lwanj ou,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:17Si nou kite sa rive nou, Seyè a va fache anpil sou nou, li p'ap voye lapli. Si pa gen lapli, tè a p'ap bay sa pou l' te bay la. Nou tout n'ap mouri byen vit nan bon peyi Seyè a ban nou an.
1 Kings 17:1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
2 Chronicles 33:12Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.
Isaiah 5:6M'ap fè l' tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l' ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l'. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.
Jeremiah 14:1Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l':
Ezekiel 18:27Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'.