2 Chronicles 7:1
Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan.
Cross References
Genesis 15:17Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
Leviticus 9:24Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
1 Kings 8:10Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.
1 Kings 9:1Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo,
1 Kings 18:38Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.