2 Chronicles 8:6
Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 7:2Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant (0150) pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo.
1 Kings 10:26Salomon te sanble mil katsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 8:4Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon.
Ecclesiastes 2:4Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen.
Song of Solomon 4:8Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.