2 Corinthians 1:14
sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lè jou Seyè Jezi a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 11:25Frè m' yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.
1 Corinthians 3:21Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.
1 Corinthians 15:31Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.
2 Corinthians 5:12Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.
Philippians 1:6Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Philippians 1:26Konsa, lè m'a tounen bò kote nou, m'a ban nou yon bèl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.