2 Corinthians 1:6
Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 5:3Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.
1 Corinthians 3:21Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.
2 Corinthians 4:15Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.
2 Corinthians 12:15Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa?
Philippians 1:19paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.
Hebrews 12:10Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.