The Bible Software
bible.software › 2 Corinthians › 2 Corinthians 1 › 2 Corinthians 1:7

2 Corinthians 1:7

Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.

Bib La

In The King James Version

And our hope of you is stedfast, knowing, that as ye are partakers of the sufferings, so shall ye be also of the consolation.

In Context

6Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a.

8Mwen ta renmen, frè m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t' kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap soti vivan.

Read all of 2 Corinthians 1

Cross References

Luke 22:28Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo.

1 Corinthians 10:13Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.

2 Corinthians 7:9Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.

Philippians 1:6Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.

2 Thessalonians 1:4Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.

James 1:2Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 2 Corinthians 1:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 2 Corinthians 1:62 Corinthians 12 Corinthians 1:8 →