2 Corinthians 1:9
Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 40:14Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.
Psalms 44:5(044:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
Jeremiah 9:23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.
Ezekiel 33:13Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè.
Luke 18:9Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:
2 Corinthians 3:5Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li.