2 Corinthians 10:12
Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 25:27Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.
Proverbs 27:2Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
Romans 15:18-(we vèsè pwochen)
2 Corinthians 5:12Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.