2 Corinthians 10:18
Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyè a rekòmande ki bon pou travay la.
Bib La
In The King James Version
For not he that commendeth himself is approved, but whom the Lord commendeth.
In Context
Cross References
Proverbs 12:8Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.
Proverbs 27:2Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
Luke 16:15Lè sa a Jezi di yo: Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.
John 5:42Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.
Acts 2:22Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.
Romans 14:18Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.