2 Corinthians 11:15
Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.
Cross References
2 Kings 5:13Men, domestik li yo al jwenn li, yo di l' konsa: —Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa ta fè l'? Poukisa koulye a ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la?
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Jeremiah 28:15Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.
Ezekiel 13:10Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.
Matthew 7:15Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
1 Corinthians 9:11Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo?