2 Corinthians 11:20
Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou!
Cross References
Lamentations 3:30Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.
Romans 16:17M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.
2 Corinthians 1:24Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.
Galatians 4:3Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn.
Galatians 4:25Aga se Mòn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la koulye a nan esklavaj ak tout pitit li yo.
Galatians 5:10Men, Seyè a fè m' gen konfyans nan nou, li ban m' lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l' te ye, Bondye gen pou peni li.