2 Corinthians 11:22
Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.
Bib La
In The King James Version
Are they Hebrews? so am I. Are they Israelites? so am I. Are they the seed of Abraham? so am I.
In Context
Cross References
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Exodus 5:3Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.
Exodus 9:1Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen.
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
Matthew 3:9Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Acts 22:3Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye.