2 Corinthians 11:26
Anpil fwa menm, lè m'ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 9:23Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li.
Acts 13:1Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.
Acts 14:5Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch.
Acts 15:2Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.
Acts 17:5Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la.
Acts 18:18Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve.