2 Corinthians 11:31
Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.
Bib La
In The King James Version
The God and Father of our Lord Jesus Christ, which is blessed for evermore, knoweth that I lie not.
In Context
30Si se pou m' vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fèb.
Cross References
Psalms 41:13(041:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
John 20:17Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou.
Romans 1:25Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.
Romans 9:5Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn.
2 Corinthians 1:3Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.
2 Corinthians 11:11Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.