2 Corinthians 11:6
Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.
Cross References
1 Corinthians 1:21Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a.
1 Corinthians 2:13Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.
2 Corinthians 5:11Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.
2 Corinthians 10:10Gen moun ki di: Lè Pòl ap ekri nou, li rèd konsa, li sevè. Men, lè li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale.
Ephesians 3:4Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la.