2 Corinthians 12:18
Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an?
Bib La
In The King James Version
In Context
17Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou?
Cross References
1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
Acts 20:33Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun.
2 Corinthians 2:12Lè mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m' yon bèl okazyon pou m' te travay la.
2 Corinthians 7:6Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lè l' te voye Tit vin jwenn mwen.
2 Corinthians 8:16Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!
1 Peter 2:21Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.