2 Corinthians 12:19
Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 12:19Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
1 Corinthians 10:14Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.
1 Corinthians 14:26Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.
2 Corinthians 5:12Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.
2 Corinthians 10:8Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.
2 Corinthians 11:31Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.