2 Corinthians 12:2
Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.)
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
2 Kings 2:16Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.
Ezekiel 8:1Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen.
Luke 24:51Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.
John 15:4Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.