2 Corinthians 12:20
Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 41:7(041:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
Romans 1:29Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa.
1 Corinthians 3:3Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.
1 Corinthians 4:18Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou.
1 Corinthians 6:7Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?
1 Corinthians 14:33Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a,