2 Corinthians 12:6
Si mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l' te wè sa m'ap fè, lè l' tande sa m'ap di.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Enben, m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m', esepte si se pou m' moutre jan m' fèb.
Cross References
Romans 9:1Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti.
1 Corinthians 3:9Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
2 Corinthians 5:13Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa.
2 Corinthians 11:16M'ap repete sa m' te di a: Piga pesonn pran m' pou moun fou. Men, si nou pran m' pou moun fou, kite m' pran pòz moun fou m' vre pou m' kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.
2 Corinthians 12:7Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.