2 Corinthians 3:11
Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen.
Bib La
In The King James Version
For if that which is done away was glorious, much more that which remaineth is glorious.
In Context
12Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m' poze konsa.
Cross References
2 Corinthians 3:6Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.
Hebrews 7:21Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l' prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan.
Hebrews 12:25Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.