2 Corinthians 3:16
Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Seyè a, vwal la soti.
Bib La
In The King James Version
Nevertheless when it shall turn to the Lord, the vail shall be taken away.
In Context
15Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo.
17Kilès Seyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, la gen libète.
Cross References
Exodus 34:34Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyè a pou pale avè l', li toujou wete twal la jouk li soti deyò ankò. Lè l' soti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.
Deuteronomy 30:10Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
Isaiah 29:18Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè.
Jeremiah 31:34Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Hosea 3:4Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
Romans 11:23Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò.