2 Corinthians 3:5
Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
4M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye.
Cross References
Jeremiah 1:6Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
Luke 21:15Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.
John 15:5Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
1 Corinthians 3:10Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.
2 Corinthians 2:16Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?
2 Corinthians 12:9Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.