2 Corinthians 3:8
nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou.
Bib La
In The King James Version
How shall not the ministration of the spirit be rather glorious?
In Context
Cross References
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
Joel 2:28Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
John 7:39(Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)
Acts 2:32Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
1 Corinthians 3:16Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
2 Corinthians 3:6Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.