2 Corinthians 4:10
Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.
Cross References
John 14:19Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
Romans 6:5Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.
Romans 8:17Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.
2 Corinthians 1:5Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.
2 Corinthians 13:4Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.
Philippians 3:10Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,