2 Corinthians 4:3
Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo.
Bib La
In The King James Version
But if our gospel be hid, it is hid to them that are lost:
In Context
Cross References
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
1 Corinthians 1:18Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.
2 Corinthians 2:15Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.
2 Corinthians 4:4Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
2 Thessalonians 2:9Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti.