2 Corinthians 4:7
Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 7:2Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo.
Judges 7:16Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la.
Job 10:9Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?
Matthew 13:44Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.
1 Corinthians 1:28Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.
1 Corinthians 4:9Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.