2 Corinthians 4:8
Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.
Bib La
In The King James Version
We are troubled on every side, yet not distressed; we are perplexed, but not in despair;
In Context
9Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.
Cross References
1 Samuel 28:15Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.
1 Samuel 31:4Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.
Psalms 37:33Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'.
Proverbs 14:26Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.
John 14:18Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
Romans 8:35Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: