2 Corinthians 5:1
Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la.
Cross References
Genesis 3:19Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
Job 19:25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
Psalms 56:9(056:10) Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
John 14:2Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa.
1 Corinthians 15:46Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre.
2 Corinthians 5:4Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi.