2 Corinthians 5:11
Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 6:4Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Job 31:23Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.
Psalms 76:7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Psalms 90:11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
Nahum 1:6Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.
Matthew 25:46Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.