2 Corinthians 5:12
Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Corinthians 1:14sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lè jou Seyè Jezi a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.
2 Corinthians 6:4Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere.
2 Corinthians 10:12Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.
2 Corinthians 11:12Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen.
2 Corinthians 12:11Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.