The Bible Software
bible.software › 2 Corinthians › 2 Corinthians 5 › 2 Corinthians 5:18

2 Corinthians 5:18

Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l' ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l' ankò.

Bib La

In The King James Version

And all things are of God, who hath reconciled us to himself by Jesus Christ, and hath given to us the ministry of reconciliation;

In Context

17Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.

19Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò.

Read all of 2 Corinthians 5

Cross References

Leviticus 6:30Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.

Isaiah 57:19M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.

Daniel 9:24Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.

Luke 10:5Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la.

John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Acts 10:36Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 2 Corinthians 5:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 2 Corinthians 5:172 Corinthians 52 Corinthians 5:19 →