2 Corinthians 6:1
Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 23:37Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!
Romans 12:1Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.
2 Corinthians 5:18Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l' ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l' ankò.
2 Corinthians 10:1Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.
Galatians 3:4Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi.
Titus 2:11Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.