2 Corinthians 6:14
Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:19Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.
Deuteronomy 22:9Pa janm plante ankenn lòt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, nou p'ap ka sèvi ni avèk rezen yo ni avèk rekòt lòt grenn nou te plante yo.
1 Samuel 5:2Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an.
2 Chronicles 19:2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Ezra 9:11ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'.
Nehemiah 13:1Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.