2 Corinthians 6:5
Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje.
Bib La
In The King James Version
In stripes, in imprisonments, in tumults, in labours, in watchings, in fastings;
In Context
Cross References
1 Kings 22:27Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ni malè.
Isaiah 53:5Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Jeremiah 37:15Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen msye lakay Jonatan, sekretè tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.
Ezekiel 3:17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.
Matthew 14:3Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.
Mark 13:34Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.