2 Corinthians 6:7
pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sèvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tèt mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:43Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
Isaiah 11:5L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Mark 16:20Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.
Romans 13:12Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.
1 Corinthians 2:4Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.
2 Corinthians 4:2Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.