2 Corinthians 6:8
Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di.
Bib La
In The King James Version
By honour and dishonour, by evil report and good report: as deceivers, and yet true;
In Context
Cross References
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Matthew 27:63Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
John 7:12Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun.
Acts 4:21Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa t' kapab fè yo anyen paske tout pèp la t'ap fè lwanj Bondye pou sa ki te rive a.
Acts 5:40Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo.
Acts 10:22Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la.