2 Corinthians 7:1
Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 19:9Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Proverbs 8:13Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
Proverbs 20:9Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
Jeremiah 4:14Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?