2 Corinthians 7:10
Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 30:1Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!
2 Samuel 12:13David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.
2 Samuel 17:23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
1 Kings 21:4Akab al lakay li men li byen mare. Li te fache poutèt Nabòt te di l' li p'ap vann byen eritaj li a. Li moute kabann, li kouche, li bay figi l' nan panno, li derefize manje.
Proverbs 15:13Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.
Proverbs 17:22Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.