2 Corinthians 7:11
Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 44:6Lè domestik la trape yo, li repete tout sa mèt li a te di l'.
Nehemiah 5:6Lè mwen menm, Neemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil.
Job 42:6Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.
Psalms 35:13Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
Psalms 42:1(042:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (042:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Psalms 119:139Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.