2 Corinthians 7:15
Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lè l' chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l' avèk krentif sitèlman nou t'ap tranble.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Mwen kontan nèt mwen ka toujou konte sou nou.
Cross References
Genesis 43:30Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.
Ezra 9:4M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal.
Job 21:6Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble.
Psalms 119:120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
Isaiah 66:2Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.
Acts 16:29Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.