2 Corinthians 8:10
Men lide mwen fè sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te kòmanse ranmase lajan pou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 10:42Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
John 16:7Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.
1 Corinthians 6:12Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.
1 Corinthians 7:40Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.
1 Corinthians 16:2Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.
2 Corinthians 9:2Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lè m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou.