2 Corinthians 8:16
Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!
Bib La
In The King James Version
But thanks be to God, which put the same earnest care into the heart of Titus for you.
In Context
Cross References
2 Chronicles 31:8Lè wa Ezekyas ak chèf li yo wè kantite bagay moun yo te bay, yo di Bondye mèsi, yo fè lwanj pou pèp Izrayèl la, pèp Bondye a.
Nehemiah 2:12Apre sa, mwen leve nan mitan lannwit, mwen pran kèk moun pa m' avè m'. Mwen pati san m' pa di pesonn sa Bondye te ban m' lide fè pou lavil Jerizalèm. Sèl bèt nou te pran ak nou, se te bèt pou m' moute a.
Jeremiah 32:40M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.
2 Corinthians 7:7Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m' konnen jan nou anvi wè m', jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.
Philippians 2:20Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m', ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt.
Revelation 17:17Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre.