2 Corinthians 8:4
se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:10Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m' tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m' te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m' byen.
Matthew 10:42Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Mark 14:7Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avèk nou.
Acts 6:1Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a.
Acts 11:29Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide.