2 Corinthians 8:8
Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Romans 12:9Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
1 Corinthians 7:12Pou lòt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l' kontinye viv avè l', mari a pa gen dwa mete l' deyò.
2 Corinthians 6:6Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen,
2 Corinthians 8:10Men lide mwen fè sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te kòmanse ranmase lajan pou sa.
2 Corinthians 9:2Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lè m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou.