2 Corinthians 9:14
Y'a lapriyè pou nou, y'a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou.
Bib La
In The King James Version
And by their prayer for you, which long after you for the exceeding grace of God in you.
In Context
15Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!
Cross References
Ezra 6:8Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete.
Proverbs 11:26Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache.
Romans 1:11Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm.
2 Corinthians 1:11depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di l' mèsi pou mwen.
2 Corinthians 8:6Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou.
Philippians 2:26Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l' te malad.