2 Corinthians 9:15
Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!
Bib La
In The King James Version
Thanks be unto God for his unspeakable gift.
In Context
14Y'a lapriyè pou nou, y'a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou.
Cross References
1 Chronicles 16:35Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
Psalms 30:12(030:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Luke 2:14Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.
John 1:16Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè.
Romans 5:15Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou.