2 Kings 1:10
Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:1Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.
Numbers 16:35Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (0250) mesye ki t'ap ofri lansan yo.
1 Kings 22:28Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Psalms 105:15Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
Daniel 3:22Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri.